Kisa Bib la Di Sou Mizèrikòd? — Aplike l nan Lavi · Ekriti KJV avèk Nimewo Strong — Ti Egzamen Bib
Pou chak referans anba a, chwazi sa vèsè a anseye. Nòt ou a ap parèt nan fen kiz la.
Sa a se kiz ki gen nòt la. Pase l pou jwenn kredi pou Sètifika Apwobasyon Ministè ou a.
Matthieu 9:27 — Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou ________ Fis a David la!”
fidèl
lapè
gras
Matthieu 15:22 — Epi gade, yon fanm ________ nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon move lespri.”
Jéricho
Liban
Canaan
Egzòd 33:19 — Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout ________ Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”
sanble
enstriksyon
bonte
Ésaïe 30:18 — Konsa, SENYÈ a ap tann. Li vle fè nou ________ pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!
gras
padone
lapè
Nonb 6:24 — SENYÈ a ________ nou e kenbe nou;
beni
lanmò
sove
Sòm Yo 145:9 — SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li lonje rive sou tout ________ Li yo.
chemen
sen
zèv
Ésaïe 49:15 — Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a, pou l pa gen ________ sou fis ki sòti nan vant li an? Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.
konpasyon
fennen
plante
Jérémie 31:20 — Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo ________ pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.
dezi
vèv
pèlen
I Wa Yo 3:26 — Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske li te boulvèse jis rive nan ________ kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.” Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!”
fon
gad
miray
Luc 15:20 — Donk, li te leve, e te ale kote papa l. “Men pandan l te toujou byen ________, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kouri anbrase l e te bo li.
temwayaj
lwen
lalwa
Detewonòm 7:9 — “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak ________ dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo
konfyans
vètman
lanmou
I Wa Yo 8:23 — Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen Bondye tankou Ou nan syèl la anwo, ni sou latè anba, k ap kenbe akò e montre ________ dous a sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo
sonje
lanmou
transgresyon
Sòm Yo 89:28 — ________ dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan, e akò Mwen va konfime a li menm.
Lanmou
sonje
non
Sòm Yo 89:33 — Men Mwen p ap retire lanmou dous sou li, ni aji avèk movèz fwa selon ________ mwen.
delivrans
fidelite
siplikasyon
Sòm Yo 85:10 — ________ dous avèk verite te vin jwenn ansanm. Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.
sonje
Lanmou
non
Sòm Yo 25:10 — Tout ________ Bondye se nan lanmou dous avèk verite pou sila ki kenbe akò Li yo ak temwayaj Li yo.
zèv
renmen
chemen
Kolosyen Yo 3:12 — Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès ________, jantiyès, ak pasyans;
imilite
asirans
tradisyon
Filipyen Yo 2:1 — Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan ________, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon
konfyans
jijman
lanmou
Women Yo 12:1 — Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout ________ Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.
lapriyè
mizerikòd
travay
Women Yo 6:13 — Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja ________ soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati.
sèlman
vivan
travay
Néhémie 4:14 — Lè m te wè ke yo te pè, mwen te leve pale avèk gwo moun yo, chèf yo ak tout lòt moun yo: “Pa pè yo; sonje Senyè a gran e mèvèye. ________ pou frè nou yo, fis nou yo, fi nou yo, madanm nou yo ak lakay nou yo.”
chape
rejwi
Goumen
Matthieu 14:14 — Lè L te debake atè, Li te wè yon gran ________. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.
foul
lespri
skrib
Marc 1:41 — Kè Li te vin plen avèk ________. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”.
twonpe
fennen
konpasyon
Luc 7:13 — Lè Senyè a te wè l, li te gen ________ pou li. Li te di l: “Pa kriye.”
konpasyon
bezwen
fennen
Jacques 5:11 — Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa ________ te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.
Job
Élie
Noé
Eklezyas 4:9 — De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou ________ yo.
travay
miray
fache
Jacques 5:16 — Konsa ________ peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri. Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.
bonte
salitasyon
konfese
I Tesalonisyen Yo 5:11 — Konsa, annou ________ youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
toujou
ansanm
ankouraje
Sòm Yo 100:5 — Paske Bondye bon. Lanmou dous li a dire jis pou tout tan, e ________ Li a tout jenerasyon yo.
delivrans
siplikasyon
fidelite
Lyen an kopye
Èske etid sa a te ede w? Pataje yon ti temwayaj oswa tout temwayaj ou — istwa ou ka ede yon lòt moun jwenn sit sa a.
Sove pwogrè ou
Opsyonèl. Ou pa janm bezwen yon kont pou itilize sit sa a.
Konsève nòt kiz ou yo ak sètifika ou si ou chanje telefòn oswa ou netwaye navigatè ou.
Restore pwogrè
Restore ranplase pwogrè ki sou aparèy sa a, e nenpòt sètifika ou enprime apre sa ap gen non ki nan dosye a.



